Yon Apèl a Aksyon pou yon Demokrasi ki Pi Solid

De Majistra Vil North Miami Beach — Premye Majistra Nwa e Ayisyèn-Ameriken ki eli

Istwa moutre nou ke chak jenerasyon gen obstak pa li — men li gen objektif pa li tou. Jodi a, kòm Ameriken, kòm yon kominote ki rich ak divèsite, epi kòm yon pèp ki kwè nan jistis ak egalite, nou ap viv nan yon epòk kote demokrasi nou ap sibi presyon — men li poko kraze. Okontrè, li ap vin pi solid, gras ak patisipasyon aktif ak rezistans chak grenn nan nou.

Kòm premye Majistra Nwa ak Ayisyèn Ameriken ki eli nan Vil North Miami Beach, mwen pote avèm istwa, lespwa, ak rèv vil divès ak bèl sa a ke mwen reprezante — moun ki te vin nan peyi sa a pou chèche yon lavi miyò, moun ki te lite pou dwa yo, epi moun ki pa janm sispann reve pou pitit yo ka fleri demen. Se sa ki mete baz demokrasi a: kwayans ke chak vwa konte, chak eksperyans gen valè, epi chak moun merite yon plas kote yon desizyon ap fèt.

Nan mwa jen, mwen te fyè dèske mwen te òganize dezyèm selebrasyon Juneteenth vil nou an — yon jou ki pa sèlman gen gwo sans pou kominote Afriken-Ameriken an, men pou tout Ameriken ki kwè nan libète ak diyite moun. Juneteenth make fen esklavaj legal nan Etazini, men li make tou kòmansman yon batay ki toujou ap fèt jodi a: batay pou respè, aksè egal, ak opòtinite ki pa limite pa koulè, orijin, oswa estati sosyal. Pandan nou ap reflechi sou sans libète a, kesyon nou dwe poze tèt nou chak jou se: Kisa m ap fè jodi a pou libète sa a rive jwenn tout moun tout bon?

Nan North Miami Beach, nou pran angajman pou mete demokrasi an aksyon. Sa vle di plis transparans nan gouvènman lokal. Sa vle di pi bon aksè a lojman pou fanmi k’ap travay. Sa vle di bati yon ekonomi ki enkli epi ki leve moun, olye li rejte oswa divize yo.

Men demokrasi pa sèlman egziste nan biwo mwen, oswa nan otorite Vil la — li egziste nan OU. Li egziste nan jan ou pale ak lòt moun, nan vòt ou, nan fason ou pran swen vwazen ou, epi nan fason nou tout dwe leve vwa nou pou sila yo ki pa gen mikwo. Chak reyinyon kominote ou patisipe ladann, chak fwa ou raple yon zanmi pou enskri pou vote, chak fwa ou defann dwa yon lòt moun pou yo wè ak tande — ou bay demokrasi a yon chans pou l’ gen plis fòs. Ou fè l viv, menm lè li sanble li pa ka pran souf.

Nou pa ka fèmen je nou sou sa k’ap pase atravè peyi a. Ak nouvo administrasyon prezidansyèl sa a, anpil Ameriken eksprime veritab kè sote sou direksyon demokrasi nou. Nou wè divizyon politik ki ap vin pi fon, nou wè mank konfyans k’ap ogmante nan enstitisyon yo, epi nou wè politik ki mete an danje dwa sivil pèp la te goumen pou li. Sa yo se pa ti bagay. Men istwa raple nou: demokrasi pa efase nan yon sèl jou — li efase mòso pa ti mòso, lè nou chwazi pa aji. Ebyen se poutèt sa nou pa dwe rete an silans.

Juneteenth aprann nou ke libète pa gratis — fòk ou mande pou li, pwoteje li, epi pratike l’ chak jou. Demokrasi nou pa kontinye viv paske li pafè, men paske moun tankou ou menm ak mwen refize lage men. Paske nou kwè, menm nan moman difisil, pwogrè toujou posib.

Se konsa, jodi a, mwen lanse yon apèl ba nou: sonje, selebre, epi leve vwa ou — pa sèlman pou viktwa nou te genyen nan tan lontan, men pou tout sa n’ap kontinye lite pou li jiska jounen sila.

Avèk lanmou, fyète, epi ak yon gwo angajman pou libète, egalite akinite,
Majistra ou,
Michael Joseph, Avoka
North Miami Beach


Sign up for email updates, and join us at county and local club meetings to learn how to get more involved.

Florida City Elections Results 2026 Volunteer with the Miami-Dade Democratic Party Find upcoming candidate events and opportunities to volunteer